Lòt bò rivyè a!

Si se pou souvni dantan, mwen chaje kou legba. Toutfwa, gen ladan yo ki pi dwòl pase lòt. Yo pa chita sèlman sou moman kè kontan, men menm nan moman ki pi sonb nan adolesan m istwa sa yo te toujou fè m griyen dan m.

Lòt bò rivyè a se yonn ladan yo e se la tout bagay te konn pase !

Mwen sonje lè m te nan 13 jiska 16 lane, mwen pat gen libète menm jan ak anpil timoun sou katye yo. Men mwen te toujou gen chans pou m te jwe mab, elastik, zikòs, kat, domino, elatriye. Tout jwèt sa yo, mwen te konn jwe yo nan 2 okazyon : 1) lè yon kouzenm te soti pòtoprens vinn pase vakans ak nou e 2) lè mwen te konn al kay yon tonton papa m ki te abite a 2 minit de lakay la. Se te yon gran lakou ki te chaje ak jèn gason ki te kondisip mwen tou. Dayè, nou te prèske gen menm laj.

Mwen gen anpil pou m ta di sou jwèt mwen mansyone yo. Men kite m rakonte nou Lòt bò rivyè a. Mwen twouve se yonn nan pi bèl paj listwa lavi m. Nan katye lakay mwen, a 15 minit a pye, gen yon rivyè ki travèse l. Rivyè sa a pa gen dlo pandan tout ane a. Lè w tande dlo sa a desann, se te plezi tout ti jèn sou katye a. Se te la a tou pou jèn gason yo gen chans rankontre tout bèl jèn fanm sou katye a ak sa ki ozalantou yo san prezans paran yo.

Depi li fè 8è oubyen 9è nan maten, majorite jèn gason sou katye a te toujou reyini sou yon tèren foutbòl. Se te rityèl nan maten ak nan sware nou. Nou antrene ansanm, jwe ansanm, menm goumen tou lè nou yonn pa konprann lòt. Nou te toujou kwè nou pral fè yon gwo karyè nan foutbòl. Bon! Rès koze a pou listwa. Aprè nou finn jwe bò 11è, mwen menm ak patnè m yo pran direksyon pou ale benyen nan rivyè a.

Avan nou ale nan rivyè a, nou pase al pran marinad, pate, sosis, pikliz, elatriye nan men yon zanmi nou sou katye a. Aprè sa, nou pase al chache kann nan men yon vwazinay ki te konn ap vann kann ki soti nan jaden li osinon li achete an gwo nan mache Dezam.

Nou pran wout la. Solèy cho, n ap manje fritay, manje kann tout nan wout la. Sa m bliye di nou, si se nan epòk mango, nou pran yon poz anba pye mange yo epi manje. Ou pa bezwen panse ak sa w panse a, aaaa. Se pye mango fanmi oubyen zanmi fanmi nou, nou te gen dwa rantre jan nou vle pou n al keyi epi manje. yo te jis entèdi nou fè gaspiyaj.

Lè nou rive bò rivyè a, nou jwenn tout kalite moun e tout klas. Pat gen afè mwen se entèl, tout moun se te moun bò ribvyè a. Mwen te renmen chita sou yon gwo wòch ap gade medam yo k ap lave ak mesye yo k ap fè jako pye vèt. Nan epòk sa a, anpil jèn gason te pè apwoche medam yo. Lè konsa, nou fè anpil bri, pale fò, bay blag san sans epi griyen dan nou. Tout sa, yon fason pou nou atire rega medam yo.

Mwen bliye di nou sa. Lòt bò rivyè a se la ou te konn ap wè lafimen ap monte al di syèl la bonjou. Prèske tout jèn fanm ki vinn lave mache ak chodyè, diri, pwa, somon oubyen aran, elatriye pou kwit manje pou yo manje. Lè manje sa yo finn kwit, sa depan de kijan mesye yo fè medam yo ri, yo konn ba nou manje. Mwen se ra moun ki konn akspete paske mwen pat konn manje ke lakay mwen oubyen sa mwen achte. Jiska prezan, se yonn nan defo moun konsidere mwen genyen.

Si pa malè yonn nan medam yo wè…


Imaj : Grok



Une réponse à « Lòt bò rivyè a! »

  1. Èske gen moun ankò lòt bò rivyè yo?

    J’aime

Laisser un commentaire