HMI vin pote Ayiti sekou : Ala de ka!

Jan m ap gade bagay yo ap evolye a, sanble talè konsa p ap rete moun pou chante non, se kandida sèlman n ap genyen. Ayiti tounen yon peyi kote nenpòt moun ki gen yon mikwo, ki gen popilarite, panse li gen kapasite pou l dirije yon peyi!

Pierre-Erick BRUNY

Dènye tan sa yo, pa gen kote ou vire pou w pa tande yon sèl koze k ap pale : eleksyon. Gouvènman san lejitimite a deside konvoke swadizan chèf pati politik yo1 pou twouve yon antant pou eleksyon fèt nan peyi a, yon fason pou debloke tèritwa ki pèdi yo, pèmèt leta a fonksyone nòmalman, e konsa popilasyon an ka rale yon souf.

Depi aprè asasina san jèn, san retni, san diyite prezidan Jovenel Moïse, yon gwoup moun pran leta a tankou se byen papa yo, san konnen ki kote yo jwenn lejitimite pou yo aji nan non majorite a. Soti nan  Ariel Henry, KPT, jiska Fils-Aimé, popilasyon ayisyèn nan chita ap gade yon gwoup atoufè, mètdam, magouyè ki chwazi ak konplise lòt antite kidnape leta a. Gwoup moun sa yo pa bay popilasyon an regle anyen pou yo. Sa ki enpòtan pou nou soulinye, gen plizyè masak ki fèt sou popilasyon an sou chak gouvènman sa yo. E jiska prezan, fòs antre fòs soti, pa gen anyen ki fèt pou pwoteje popilasyon an. 

Yon lòt kote, nan Repiblik dominikèn,  y ap masakre ayisyen pa bann pa pakèt, maten, midi e swa, pa gen moun ki leve yon ti dwèt pou yo. Sa ki pi grav la, Ozetazini, gouvènman Trump lan lage de gidon dèyè imigran yo, san gran sipriz, konpatriyòt nou yo pase anba woulo konpresè sa a tou. Sa ki pouse anpil ayisyen ap poze kesyon  kiyès k ap di yon mo pou yo. Tout kote, lakay yo oubyen andeyò peyi a, Ayisyen lage de bra balanse ap rete tann sekou. 

Pawòl pale, pawòl fè efè. San tanbou ni twonpèt, atis HMI yo vole pote sekou pou ayisyen ak Ayiti. Se pa ti koze!

Depi lè koze eleksyon ap pale, anpil atis ayisyen ki t ap viv andeyò peyi a deside tounen an Ayiti. Yo debake pil sou pil pou yo al pote kontribisyon yo nan avansman peyi a. Se yon bon bagay. Nou ta dwe bat bravo pou sa e felisite yo. 

Men yon lòt kote, gen bagay ki pouse nou poze kèk kesyon e tante reponn tou. Sou X, mwen wè anpil piblikasyon ap fèt pou pale de kijan atis yo debake pa bann pa pakèt pou yo enskri kòm elektè pou pwochen eleksyon ki gen pou fèt nan peyi Dayiti. Si reyèlman mèt peyi yo ta deside fè yon eleksyon. Èske atis sa yo gen kapasite ase pou mennen bak peyi a? Èske se sèl fason yo ka kontribye nan devlopman Ayiti? Kisa ki motive yo menm?

San blag, nou ka konte sou dwèt nou konbyen nan atis sa yo ki te konn pran pozisyon lè bagay yo ap dejenere nan peyi a. Anpil ladan yo te toujou, swa pa devan ou pa dèyè, ap benefisye yon pakèt privilèj nan tout gouvènman ki pase yo. Sa ki bèl la, te gen yon DJ nan yon live Tik Tok ki t ap pale kòman li te konn ap choute sou yon prezidan nan objektif pou prezidan an te ka fè kay ba li ak achte yon machin pou li. Li menm ale pi lwen pou li di gen yon lòt dj ki blo li paske li pase anba anba li ale negosye ak prezidan an. Tout sa li t ap fè yo se te pou gran mesi paske li pa t rive benefisye anyen.

Nan lane 2020, gen yon seri atis ki te soti pou manifeste kont prezidan Jovenel Moïse e selon atis sa yo, prezidan an dwe lage pye li paske li pa t ap regle anyen nan tèt peyi a. Manifestasyon sa yo tèlman mete moun deyò, anpil moun te panse se te byen kolektif la yo t ap defann. Poutan, se aprè asasina Jovenel Moise w ap rive konprann enterè komen an p at janm sou tab la vre. Jounen jodi a, malgre bagay yo vinn pi konplike, kote popilasyon an bezwen vwa ki pou di yon mo pou li, pa gen yonn ki pran pozisyon. Gen anpil ki p ap di ni viv ni aba. Yo sèlman la pou yo fè byennèt yo sou mizè mas defavorize a. Aprè sa, anyen pa gade yo. 

Ki angajman moun sa yo pran deja ki pote fri? Kisa yo itil kominote yo ak peyi a? Konbyen pwomès yo fè yo kenbe?

Anpil atis nan HMI la se parazit yo ye, kote ki gen yon ti limyè pou yo pran, yo lage kò yo tout longè menm si yo pa t travay pou sa. Nou ka pran egzanp koup dimond lan, kote atis ayisyen pran estad yo tankou se yo ki te jwè yo. Sa te montre nou klè eta despri moun sa yo. 

Ann antre nan sa ki pi enpòtan toujou, atis ayisyen yo te monte yon estrikti kote yo te promèt popilasyon an yon lopital modèn. Jiska prezan, si w ap chache byen, lopital la sanble ak diskou estad Lamothe yo : envizib. 

Lòt bagay ki merite soulinye, tout lasent jounen, tout atis nan HMI la ap plenyen de yon sèl bagay : jan endistri a fonksyone a li pa bon, li merite pi bon òganizasyon. Se yonn nan rezon ki fè yo te apiye Michel Marthely kòm kandida nan eleksyon 2010 yo. Depi lè sa a, nou ka konte atis ki pase nan gouvènman pandan 15 (kenz)  dènye ane sa yo : Michel Marthely, Gracia Delva, Antonio Cheramy, Jacques Sauveur jean, jiska prezan nou pa janm tande kisa ki tante fèt pou estriktire sektè sa a. 

An ale ankò pi lwen, nan yon antrevi nan lane 2025 la, gen yon atis ki di : HMI la se yon gwoup mafya, li pirèd pase Viv ansanm. Pyès moun pa ka fè moun konfyans ladan. Nan menm lane 2025 lan, Vag Lavi ekri sou paj Facebook li : «Viv ansanm Gen plis sansiblite ke group chat HMI la2». Yon fason pou li te dekri mantalite moun ki fè pati sektè sa a. Nan jou ki sot pase yo (29 septanm 2026 ), nan Tout verite ak James Pierre, pou reponn ak yon kesyon jounalis la, Katalòg di :« nèg HMI yo pa moun James, yo se djab an pèson. Nèg yo fè dè bagay dèyè Gabel.«…» Mwen gen yon ti gason ki jwe mizik, misye rapè. Misye bezwen fè mizik, l ap fè yon lòt stil de mizik, se pa konpa, pa HMI, pitit mwen pa nan HMI3». 

Soti nan mayestro Brutus rive sou Katalòg, prèske tout antrevi atis ayisyen bay nan medya yo tounen sou menm bagay yo : pa fè moun HMI la konfyans; djab yo ye; yo ka touye w; yo fè bagay vodou dèyè atis parèy yo; se yo ki pou toujou ap mennen. Yon sèl diskou. Kòman yon gwoup moun ki soti nan sektè sa a pral travay pou avansman Ayiti? Kòman yon gwoup moun enkapab pou estriktire sa ki bay yo manje pral ka remete sou pye yon peyi k ap depafini? kòman yon gwoup moun ki enkapab pou travay ansanm ka mete ego yo yon kote pou byen kolektif la?

Yon sèl bagay mwen kwè ladan sèke si kouzen w foure dwèt li nan bokal sik grann ou e yo pa fè l anyen, ou menm tou w ap tante fouye kiyè w!

Malgre mwen rete kwè chak sitwayen gen dwa pou yo enplike yo nan politik peyi yo, men nan peyi Dayiti, enpinite,  fè lajan fasil , anvi rich, gen machin, gen kay, echèk nan lòt domèn, renmen bliye, lèse grennen grennen, kapab sous motivasyon tout moun pou fouye tèt yo nan kesyon dirije peyi a. 

Èske atis HMI yo se sekou Ayiti ak ayisyen t ap tann nan? 

Kanta pou mwen menm, se Manno Charlemagne m ap kite reponn kesyon sa a : 

Anfen mesye, mwen konnen kisa k nan tèt nou

Anbisyon, m konnen se sa k gide nou4.


Referans

  1. CEP : Rencontre avec des partis et regroupements politiques autour du processus électoral ↩︎
  2. Facebook : Vag Lavi ↩︎
  3. HMI La Chaje Ak Malfektè Ak Diab an Pèsònn – Tout Verite ak Katalog (Gabel) ↩︎
  4. Manno Charlemagne ↩︎



Votre commentaire