Pa gen Ayisyen ki gen aksè ak entènèt, k ap navige sou Facebook, X, Instagram, Tik Tok, elatriye, ki pa wè jan yo trete nou. Nou kòmanse tounen yon gwoup moun enfrekantab. Chak moman, nou fè gwo bri nan mond lan, nou toujou rantre yon ansanm gwo evenman tèlman medya entènasyonal yo pale de nou.
Jan yo pale de nou yo se pa nan yon bon sans. Se toujou nan tout sa ki fè yo wè nou pi mal de jou an jou. Èske imaj y ap vann de nou yo se reyalite nou? Èske jan yo konsidere nou an se sa nou ye vrèman? Nou toujou estomake lè yo teke grenn nou.
Nan mwa janvye 2018, pou mwen pa ale twò lwen nan listwa, prezidan Donald Trump te trete peyi nou “Shit Hole Contry”. Nou sote ak ponpe tout kote tèlman nou te vekse. Yon lòt evenman ankò, depi pase 10 dènye lane sa yo, nan République Dominicaine, nou pa ka konte konbyen konpatriyòt nou yo ki viktim : maltretans, move lavi, lapidasyon, dekapitasyon, lote yo tankou bèf y ap mennen labatwa e mete yo nan kamyon nan yon kondisyon ki pa gen anyen pou wè ak respè diyite moun. Plim sou do nou leve tèlman sa te fè nou mal. Jiskaske gen yon ansyen premye minis anpàn diskou te chwazi République Dominicaine kòm cheval batay li pou li te ka lave tèt li de soupson ki sou do l yo.
Septanm 2021, tankou anpil bèt san gadò, nou defile soti Brésil ak Chili, pase nan forè, mache milye kilomèt pou n ale tonbe anba pon Texas, kote akèy ki t ap tann nou an se te yon po kann ak tout foumi. Li te tris lè n wè ajan fwontalye Texas yo, sou cheval yo ak kòd t ap lanse nou tankou zannimo. Imaj sa yo voye nou dirèkteman nan tan esklavajis la. E se pou jan de sitiyasyon sa yo zansèt nou yo te sakrifye jenès yo, fanmi yo ak vi yo pou nou te ka lib.
Mexique, Québec, États-Unis nou fè anpil lank plim koule tèlman nou pa byenvini. Nou konsidere pi mal pase Covid19 la. Malgre sa, nou toujou kenbe. Nan eleksyon 2024 nan États-Unis, nou kontinye ap fè pale de nou. Nou manje chat ak chyen selon kandida Repibliken an. Sa vle di nou se yon pakèt sovaj, kriminèl paske nan peyi sa yo, yo konsidere bèt sa yo tankou yon manb nan fanmi yo. Tout atak ki fèt se nou ki vize. Jan de sitiyasyon sa yo te repete deja, yo repete ankò jodi a e si nou pa deside yon fwa, n ap kontinye viktim pwopo denigran sa yo.
Si gen yon bagay nou dwe pote atansyon ak li nan lavi se : pa mande moun renmen w, pa mande moun respekte w. Moun pa dwe w ni renmen ni respè. Ou enpoze respè. M ap raple nou, tout kominote, nan yon moman oubyen yon lòt, te viv sa n ap viv yo la. Si n ap gade nan listwa États-Unis, Etazinyen yo te gen diskou mechan sa yo sou Polonais, Italiens, Arabes, Latino, elatriye. Premye nasyon yo ka pale nou pi byen de sa nou ka rele pwopo ak konpòtman malsen sa yo, rasis… yo te konn viv move tan sa yo e yo kontinye ap viv yo. Nou pa sèl gwoup moun ki andire move pawòl sa yo. Nou pa pi bon pase lòt gwoup yo pou n ta epanye.
Yonn nan pi gwo obstak ak byennèt nou, li rele nou menm. Nou fè tout sa ki posib pou nou pa geri tèt nou. Nou gen twòp demon pou nou chase : èn pou pwòp tèt nou, divizyon, pa onèt, elatriye. E yo pa p chase tout tan nou pa konsyan se nou ki pwòp baryè tèt nou. Nou pa renmen tèt nou. Nou pa renmen eritaj zansèt nou yo kite pou nou. Nou pa renmen egzanp sila ki devanse nou yo kite pou nou, sitou, gran kongrè Bwakayiman. Nou pa renmen koulè nou, lang nou, kilti nou ak tout sa ki fè esans lavi nou antanke moun. Kòman yon gwoup moun ki pa renmen sa yo ye ka fè pwogrè ansanm?

Pou nou enpoze respè nou kote n ap viv yo, nou dwe :
- Konsyan nou se Ayisyen avan tout bagay. Nou dwe fè AYISYANITE nou denominatè komen nou. Sa vle di, evite nenpòt sa ki ka divize nou : kwayans, koulè, lang, edikasyon, peyi n ap viv yo. Toujou mande tèt nou si bagay sa yo pi gran ke sakrifis yon gwoup potorik gason ak fanm te fè pou pat kite nou nan chèn lesklavaj. Mande tèt nou si divizyon sa yo pi gran ke bèl eritaj zansèt nou yo kite pou nou an. Yon eritaj ki konstwi ak kout sakrifis san anpil moun. Kelkeswa sa nou ta vle fè, nou p ap janm lòt bagay ke Ayisyen. Anbrase sa nou ye.
- Chanje diskou nou yo ak imaj n ap vann. Ayiti pa yon fatalite. Ayisyen non plis pa yon malediksyon. Jan nou pale de tèt nou sou live nou yo fini pa entregre nan sibkonsyan nou pou fè l vinn reyalite nou. E pawòl sa n ap plede di yo pouse nou plede ap pataje tout vye imaj de peyi nou. Diskou n ap vann yo pouse nou rayi kote n soti, pa vle angaje nan redresman peyi nou ak imilye Ayisyen parèy nou. Nou dwe sispann pataje imaj salte peyi nou. Se nou ki anbasadè Ayiti. Se nou ki dwe montre grandè peyi nou. Chak fwa nou vann tout vye imaj sou Ayiti se bal nou mete nan zam moun ki gen èn anvè nou pou yo teke grenn nou.
- Bati kominote nan peyi nou ye yo. Nou p ap janm konprann fòs nou si n ap mache gaye. Nou p ap janm konn ki gwo bagay nou ka reyalize si nou pa mete nou an gwoup, pou nou òganize kominote nou yo. Nou bezwen yon gwoup moun ki pou deside etabli yon ajanda pou kominote yo. Nou dwe defini nouvo estrateji k ap pèmèt nou pi byen deplase pyon nou yo pou akouche rezilta enterè nou. Anplis de sa, lidè sa yo dwe fè kou mèt jan jak pou rasanble moun nan kominote a pou nou reyalize ajanda nou genyen yo. Lidè sa yo tou dwe devlope yon ansanm de fòmasyon ak kanpay sansibilizasyon pou ede moun yo konprann enpòtans pou nou travay ansanm. Transparans ap enpòtan anpil pou byen kominote n ap bati yo. Pa janm bliye, chak fwa yon manb nan kò a touche, se tout kò a ki pa fonksyone byen. Nou dwe travay pou nou bati gwo antrepriz pou nou ka solid ekonomikman. Tout kominote ki viktim yon ansanm pwopo degradan se paske yo konnen se bri sèlman yo ka fè. Anplis, se sa ki fòs nou. An tèm de pwa ekonomik, nou pa peze nan balans la. Reyisit kèk grenn nan nou pa yon reyisit kolektif. Nou bezwen pou nou aprann genyen ansanm. Nou bezwen pou nou bati ansanm, pwoteje yonn lòt paske nou se manb yon sèl kò : Ayiti.
- Jwe wòl nou pou devlopman Ayiti. Priyorite dyaspora a, selon mwen menm, se òganize yo nan peyi yo ye, États-Unis, Canada, RD, France, Brésil, Chili, elatriye. N ap bezwen gen pouvwa andeyò peyi a. Pouvwa politik ak ekonomik. Nou dwe kopye sou dyaspora asyatik yo. Dayè moun sa yo jwe yon gwo wòl nan devlopman peyi yo. Leta rekonèt sa yo peze ke sou plan ekonomik, politik, entèlektyèl, elatriye.
Nou p ap janm ka fè yo respekte nou si se beton an ki pi gwo fòs nou. Nou dwe konnen pi gwo fòs la toujou kalm. Lè w konnen ou peze vrèman se pa dife volan ou fè. Ou fè demonstrasyon fòs nou sitou nan jan kominote w òganize.
* Tèks sa a te pibliye nan vwa lawouze pou paj MALE-Mouvman Ayisyen Lib e Endepandan – 24 septanm 2024


Laisser un commentaire