Anpil doulè toufe nan silans paske n pa gen mo yo.
Poutan son yo la. Nou ka chante yo pou n libere n. Collinx Mondésir
Nan yon mond kote tout bagay ale vit, kote tout bagay nan vi nou baskile a chak segond, twouve tan pou tèt nou, pou rantre an kontak avèk vrè nou menm nan, pa yon bagay ki fasil. Anpil fwa, nou jwenn kritik de antouraj nou ki panse se volonte nou pa genyen pou pran tan pou nou. Men, reyalite sosyete yo enpoze nou kòm kadans vi – bri metro, bis, machin, leve bonè, rantre ta – pa ba nou tan pou n resouse nou.
Se nan rit vi sa a, nan tout kawo sa yo, Collinx Mondesir avèk mouvman li an Centre Zepol jwenn yon mwayen pou reyini nou pou ankouraje nou reprann pouvwa nou, rekonekte nou ak lanati, ak tout sa ki nan antouraj nou. Li ankouraje nou tou pou nou pran konsyans ke nou pa sèlman èt k ap viv nan inivè a. E pou rezon sa a, nou dwe konsyan ke nou entèkonekte avèk tout espès yo. Chak jès, chak aksyon, chak panse nou yo dwe poze pou pwoteje sèk la, pou evite kase may chèn nan paske se ansanm nou fò e nou yonn pa ka egziste san lòt.
Depi Montréal pou rive Québec, pase pa Ottawa jiska New York, Collinx Mondesir kontinye ap rasanble Ayisyen pou pase yon bon moman ansanm. Centre Zepol se yon andwa, yon sèk, yon espas ki kreye pou bay moun okazyon pou rantre an kontak ak tèt yo. Pandan yon kout moman – 1è, 2è, 3è – aktivite ki dewoule yo pèmèt nou bay legen ak jounen fatig nou yo, fè nou viv yon moman prezan san estrès, san panse ak tout kalamite lavi a mete sou wout nou.
Nan kesyon Collinx Mondesir ap poze pou gide moun yo pandan dewoulman sèk sila a, pouse nou reflechi ak frajilite ekzistans la, ak chay n ap pote souvan ke nou pa konn pouki rezon, sou kadans sosyete yo enpoze nou. Sèk sila pèmèt chak patisipan jwenn yon moman pou eksprime doulè yo santi, twoma yo charye dèyè yo ak tout soufrans ke yo genyen paske yo santi yo lage pou kont yo. Anplis de sa, li ankouraje moun yo anbrase vilnerabilite yo, eksprime talan yo, fè yo pran konsyans ke nou chak gen yon don e don sa a ka beni limanite.
Sèk Zepol pa sèlman yon espas pou w jwenn yon zepòl pou kriye, men se yon sèk ki pèmèt ou konekte ak moun, dekouvri lòt moun ke menm rezo sosyal yo pa ka konekte w ak yo. Temwanyaj yo montre enpòtans sèk la genyen pou yo. Yonn nan bagay ki entèresan pandan moman pataj sa yo, tout patisipan prèske ap viv sou yon fòm oubyen yon lòt emosyon k ap travèse anbyans la. Nou gen enpresyon nou te toujou konn moun ki bò kote nou an. Nou pa gen enpresyon ke nou pou kò nou paske lyen envizib ki tise a kreye yon moman byennèt lakay patisipan yo.
Avèk eksperyans mwen fè, mwen ka konfime ke Centre Zepol pèmèt moun ouvri je kè yo pou koute lavi a k ap pale ak yo, pou tande timoun ki nan yo a k ap di li padone soufrans li viv yo. Aktivite ki dewoule yo ede moun mete mo sou doulè yo, sou twoma yo, sou sa ki anpeche zòrye yo kontinye mouye ak dlo je yo chak swa.
Nan epòk n ap viv la, kote tout moun ap charye anpil fristrasyon, doulè, kalamite pa yo, jwenn yon zepòl pou depoze tèt ou pa fasil. Gen de bagay w ap viv, tout sa ou bezwen se yon zepòl ki la pou ou e ki p ap jije dlo je k ap koule sou li. Avèk Centre Zepol, ou p ap sèlman jwenn yon zepòl pou depoze tèt ou, men w ap jwenn yon anviwonman ki pèmèt ou eksprime sa w ap viv la swa nan chante, nan fè desen oubyen nan fredone.
Centre zepol se yon vrè espas pou moun regwoupe, resouse ak montre moun yo ye a, san makiyaj, san gran dizay, jis yon èt imen ki gen yon trajektwa vi e ki asime li. Sèk sila se yon ekperyans chak grenn ayisyen ta dwe fè menm pou yon fwa nan vi li.
Centre Zepol ta dwe sant tout Ayisyen k ap soufri, ki pè pale, ki pa gen mo pou mete sou doulè yo e ki bezwen yon zepòl pou apiye.











Laisser un commentaire