Lòt bò rivyè a!

Si pa malè yonn nan medam yo wè yon nèg li renmen nan mitan nou, li tou deside pa manje jiskaske nou ale. Lè konsa, gen nan nou ki deside fè plis tan ke sa nou te gen abitid fè. Sa ki bèl lòt bò rivyè a, te konn gen anpil jaden kann ak jaden mayi. Lè konsa, mèt jaden yo, lè yo sou bon san yo, yo te konn chwazi bay mayi ak kann ak jèn medam ki t ap lave nan rivyè a. Se te epòk moun te konn sa k rele viv an kominote.

Sa ki te konn enterèsan tou, se moun ki pa pote bagay pou yo te fè manje. Moun sa yo te toujou gen chans jwenn moun k ap soti nan jaden, k ap pote yon seri de lam rèk ak kokoye, ki te konn chwazi ba yo kèk lam pou yo boukannen. Lòt bò rivyè a se pa sèlman manje, bay blag e fè jako pye vèt. Nou te konn ap asiste ak jèn k ap monte kap. Sa ki bèl nan sa, se lè jèn sa yo deside mete jilèt nan ke kap la pou yo te ka bay ke pwason. Sa ki pwason an menm? Se lè yon moun deside bay kap li a fil epi li rive bò kap pa yon lòt li fè ke a, ki gen jilèt la, koupe fil kap lòt la. Souvan, batay konn mete pye.

Lòt bò rivyè a tou, se la premye ti bèk te konn tonbe. Yo rele sa ti bo anbachal. Se la tou, anba touf mayi a oubyen touf zèb yo, jèn gason ak jèn fanm te konn bay ak pran premye batèm yo. Ou gentan konprann sa m vle di a. Se la tou, manman jèn fanm te konn vinn chache yo ak gwo bout baton.

Mwen sonje yon jou, nou te bò rivyè a, mwen ak kouzen m t ap byen pran plezi nou. Nou t ap fè soperye nan dlo a, monte anlè, sote nan dlo a. Mwen pat konn naje, se poutèt sa, mwen te toujou ap chache kote ki pa fon pou m antre. Yonn nan bagay ki te dwòl nan rivyè sa a, anpil moun te pè rantre ladan paske moun sou katye yo te konn ap rakonte istwa moun ke mèt dlo a konn pran, sa vle di moun ki te konn disparèt nan dlo sa a. Eske se vre? Mwen pa konnen.

Pandan n ap benyen byen serye, se tande mwen tande manman jèn fi a ap rele l. Li ak yon gwo bout baton nan men li. Li kòmanse joure paske li tande pitit li a ak yon malbourik nan rivyè a. Mwen tonbe griyen danm paske lè istwa sa yo rive se zam li banm pou m defann tèt mwen nan moman fawouch yo.

Kouzen m nan ak jèn fi a pa ka fè bri. Yo tou 2 a te nan rivyè a, men nan yon kwen. Nan kwen yo te ye a te gen kèk pye bwa ki ba e ki te gen anpil branch ki bay sou rivyè a. Yo te anba branch bwa sa yo. Si w pa founi je pou w gade byen, ou p ap wè yo. Mwen pa konn sa k pase, gen yon moun ki di, men yo anba branch bwa a. Sa w tande a, manman an pran yon seri de wòch epi li di si nou pa soti, m ap vide wòch sou nou. Tout moun pran kouri. Kit ou te nan koze a, kit ou pat nan koze a. Dam sa a te gen 2 defo : li radi e li te anraje.

Kouzen m nan pran kouri, manman jèn fi a tonbe kalonnen l kout wòch. Moun sou de ran ap griyen dan yo. Sa w tande a, koze a gaye nan katye a. Se pat premye fwa, dam sa a vinn chache pitit li a nan yon istwa konsa. Sèl bagay nou pa ka nye sèke nan peryòd sa a, paran yo te pran responsabilite yo pou anpeche timoun yo tonbe nan tout deriv sosyete nou an ap fè fas kounyè a.

Lòt bò rivyè a vle di anpil bagay : kè kontan, amizman, amitye ak anpil moman dèy tou. Mwen pa ka finn rakonte souvni sa a san mwen pa wete chapo m devan tout nanm ki pèdi lè rivyè sa a desann ak fòs. E an menm tan tou, lot bò rivyè sa a raple nou responsabilite granmoun yo te genyen nan voye je gade sou kòman timoun yo t ap aji nan sosyete a.

Se poutèt sa, mwen kwè ke granmoun yo dwe asime respoonsabilite yo pou yo oryante timoun yo nan aksyon yo andedan sosyete a. Mwen espere ak travay n ap fè Ayiti tounen yon espas vivab pou chak grenn pitit li yo. Ke lespwa ak enèji ki te travèse zansèt nou yo kontinye gide nou chak jou nan lespri pou bay Ayiti granmounite l.


Imaj : Grok



Laisser un commentaire