Lè yon pèp, pandan tout listwa li, vinn tonbe anba dominasyon malandren, vagabon, dechè imen, san wont, san valè, asasen, vòlè… Lè tan pase li ansanm ak tan prezan li tounen yon echèk òganize, e lavi chak jou vinn pi ba pase limit sa ki tolerab, akoz pa gen volonte, inyorans ak koripsyon, pèp sa a pa sèlman gen dwa, men li gen yon devwa pou li pran tout mezi ki nesesè pou li viv ak diyite.
Lè yon gwoup entelektyèl ki soti nan mitan pèp la deside, san okenn wont, pran peyi a an otaj, sou do milyon gason ak fanm k ap pouri nan labou, mizè, fatra… li natirèl, li lejitim, pou pèp sa a leve kanpe menm si li mete lavi li an danje pou li reklame respè ak diyite li dwe kraze sistèm kriminèl sa a ki fini detwi tout sa ki te gen sans nan peyi a.
Pa gen okenn pèp sou latè ki merite viv nan kondisyon mizerab sa a jan pèp ayisyen an ap viv nan 21 nyèm syèk la. Pa gen pèp ki merite sibi imilyasyon jan n ap sibi li jodi a. E pi rèd toujou, yon pèp ki te redefini mo « libète » a ak san li nan 19 nyèm syèk la.
Nou, Ayisyen, gen yon pakèt pye sou kou nou, epi n ap toufe anba je endiferan sa yo rele « kominote entènasyonal la ». Anplis, sa yo rele sendika anbasad yo “Core Group (kò gwoup)”, pye bandi legal, pye mafya ekonomik, pye gang ame, epi pye yon klas politik pouri, kriminèl, apatrid ak san kapasite. Gwoup sa yo pa janm genyen enterè pèp ayisyen an nan ajanda yo. Sa y ap chache, se efase kilti nou, demoli patrimwan nou, epi fè nou bliye ki istwa nou charye sou do nou.
Pandan tout sa yo, pèp ayisyen an ap soufri anba tout kalite trayizon espesyalman yon ansanm moun ki pwoklame tèt yo kòm “sovè”, sa vle yon « Messi » pandan n ap toufe anba pwa yon elit Malendren. N ap mouri dousman nan yon endiferans kolektif ki fè pè. Pa gen vwa ki leve kanpe pou di NON ak efasman sa a. Anplis, pa menm gen ekspresyon piblik ki bay lapawòl pou sila yo ki pi viktim lan sa nou ta rele pi pòv yo, ak sila yo k ap sibi vyolans chak jou1.
Èske pèp ayisyen an toujou ap tann yon chèf pou retire l nan koma li ye a? Kiyès ki pral pote flanm sa a? Èske l ap soti nan dyaspora a oubyen nan mitan Ayisyen k ap viv an Ayiti yo?
Si vwa yo pa leve kounye a, destriksyon Ayiti ki deja planifye a ap rive pi vit pase sa nou panse a .
Pou nou sove Ayiti anba disparisyon sa a, fòk nou :
- Kreye yon kowalisyon fanm ak gason onèt, pou mete sou pye yon nouvo elit politik, entelektyèl ak ekonomik ki konprann sans listwa. Moun ki gen fòmasyon, ki entèg, ki onèt ki gen konpetans e an menm tan patriyòt, ki pare pou pran responsabilite yo pou mete Ayiti sou bon wout la. Wout grandè, diyite ak fyète.
- Kowalisyon sa a ap gen pou misyon defini gran liy yon Ayiti pou 50 lane kap vini yo. Yon pwojè refòm ki lye nou nan rasin vizyon Jacques I (Jan Jak Desalin) ak pwojè sanzèt nou yo te genyen nan peryòd 1805 lan.
- Mete sou pye yon edikasyon popilè ki kapab valorize kilti nou, valè nou yo, ki mete nan mitan wonn sant lan devwa sivik ak moral k ap pèmèt nou konstwi èt Ayisyen an.
- Mete an aplikasyon vizyon ki defini nan pwen II a, kote jistis, sekirite, edikasyon, agrikilti, listwa ak nouvo teknoloji ap tounen yon zouti nan batay pou delivre pèp la.
Lè a rive pou nou leve kanpe. Lè a rive pou fanm ak gason onèt angaje yo. Lè a rive pou chanjman an. Li lè pou nou mete deyò tout iresponsab ak apatrid ki pran tèt peyi a. Se responsabilite pa nou, kòm pitit Desalin, Tousen, Kristòf, pou nou fè Ayiti reprann diyite li.
Ann reveye nou! Nou dwe rekonstwi diyite nou pou nou onore zansèt nou yo.
Kiyès k ap sezi moman istorik sa a pou ekri lòt paj istwa sa a?
Twadiksyon Me Pierre-Erick BRUNY
- TROUILLOT, Lionel (2025, 6 février). Un pays sans grand chant. https://ayibopost.com/lyonel-trouillot-un-pays-sans-grand-chant/ ↩︎


Laisser un commentaire